Joshua 11:6
Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 7:16Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.
Joshua 10:8Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou.
Judges 20:28Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n' rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.
2 Samuel 8:4David pran mil sètsan (01700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.
2 Chronicles 20:16Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la.
Psalms 27:1Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?