Joshua 11:8
Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Jozye fè yo tou sa Seyè a te ba li lòd fè a: li koupe jarèt chwal yo, li boule tout cha lagè yo.
Cross References
Genesis 49:13Zabilon pral rete bò lanmè. Batiman yo va jwenn bon pò sou rivaj li yo. Limit peyi l' la ap rive jouk Sidon.
Deuteronomy 9:3Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.
Joshua 11:3Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa.
Joshua 19:28Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.
2 Samuel 24:6Y' al lavil Galarad, yo pase lavil Kadès nan pòsyon tè ki pou moun Et yo, jouk yo rive Dann. Yo mache nan tout zòn lan, apre sa y' ale lavil Sidon sou bò lwès.