Joshua 12:1
Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 21:13Lè yo kite ravin Zerèd, y' al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fwontyè ant peyi Moab ak peyi Amori a.
Numbers 21:24Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade.
Deuteronomy 2:24Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou.
Deuteronomy 3:1Apre sa, nou pran yon lòt chemen nan direksyon peyi Bazan an. Men, Og, wa peyi Bazan an, soti ak tout lame li a, li vin kare pou batay ak nou bò lavil Edreyi a.
Deuteronomy 4:44Men lalwa Moyiz te mete devan moun pèp Izrayèl yo.
Deuteronomy 4:48Peyi yo te pran an te konmanse depi lavil Awoyè ki sou tèt falèz toupre larivyè Anon an, li rive jouk mòn Siryon. Yo rele mòn sa a mòn Emon tou.