Joshua 12:5
Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 3:14Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l' Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk koulye a.)
Joshua 11:3Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa.
Joshua 13:11Li pran tout peyi Galarad la, tout teritwa moun Jechou yo ak moun Maaka yo ansanm ak tout mòn Emon ak mòn Bachan jouk Salka.
2 Samuel 3:3Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'.
2 Samuel 15:8Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m' te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon.
2 Kings 25:23Rès chèf lame yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya chèf sou tout peyi a. Se konsa Ismayèl, pitit Netanya, Joanan, pitit Karèd, Seraja, pitit Tannoumèt, moun lavil Netofa, ansanm ak Zezanya, pitit Makan, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo.