The Bible Software
bible.software › Joshua › Joshua 12 › Joshua 12:6

Joshua 12:6

Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a.

Bib La

In The King James Version

Them did Moses the servant of the LORD and the children of Israel smite: and Moses the servant of the LORD gave it for a possession unto the Reubenites, and the Gadites, and the half tribe of Manasseh.

In Context

5Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon.

7Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo.

Read all of Joshua 12

Cross References

Numbers 32:29Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y' al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.

Numbers 32:33Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.

Joshua 13:8Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li.

Joshua 18:7Moun Levi yo menm p'ap resevwa ankenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Seyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Woubenn yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gen tan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l' la.

1 Kings 4:19Gebè, pitit gason Ouri, pou zòn Galarad, ansyen peyi Siyon, wa moun Amon yo ak Og, wa peyi Bazan an. Te gen yon gouvènè jeneral tou pou tout peyi a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joshua 12:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joshua 12:5Joshua 12Joshua 12:7 →