Joshua 13:12
Nan peyi Bazan an, yo pran tout zòn kote wa Og t'ap gouvènen an. Wa Og sa a te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi lè sa a. Se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Moyiz te goumen ak pèp sa yo, li bat yo byen bat, li pran tout peyi a nan men de wa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 21:23Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo.
Joshua 12:4Yo te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi.