Joshua 14:12
Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Seyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann gwonèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Seyè a pral kanpe avè m'. L'a ede m' pran peyi a nan men yo jan li te di l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 13:33Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite gwonèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.
Numbers 14:9Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.
Deuteronomy 9:1Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo.
Joshua 11:21Lè sa a, Jozye leve, l' ale, li touye tout moun Anak yo ki te rete nan mòn yo, nan lavil Ebwon, lavil Debi, lavil Anab, nan tout mòn peyi Jida ak tout mòn peyi Izrayèl yo. Li fè touye yo tout. Apre sa, li detwi tout lavil yo tankou ofrann pou Seyè a.
Judges 1:20Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la.
2 Chronicles 14:11Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!