Joshua 14:4
Fanmi Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Cross References
Genesis 41:52Li rele dezyèm lan Efrayim paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a.
Genesis 48:6Men, tout pitit ou va fè apre yo, se pitit ou y'ap ye. Y'a pote non gran frè yo pou yo ka jwenn pa yo nan byen m' yo.
Joshua 16:4Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.
1 Chronicles 5:1Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.