Joshua 14:6
Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: -Ou konnen sa Seyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Cross References
Numbers 12:7Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m' lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.
Numbers 13:26yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.
Numbers 14:24Men, paske Kalèb, sèvitè m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l' antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.
Numbers 32:12an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune, moun fanmi Kenaz yo, ak Jozye, pitit gason Noun lan. Se yo menm sèlman ki te toujou swiv Seyè a san mank.
Deuteronomy 33:1Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri.
Deuteronomy 34:10Depi lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Seyè a te konn pale avè l' fas pou fas.