Joshua 14:9
Lè sa a, Moyiz fè m' pwomès sa a, li di m': Ou wè ou menm, ou fè tou sa Seyè a te vle ou fè. Se poutèt sa y'a ba ou tout kote ou mete pye ou yo pou ou ak pou tout ras ou apre ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:22okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.
Joshua 1:3Jan mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou an.
Psalms 37:9Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.