Joshua 15:1
Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Fwontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a,
Cross References
Numbers 26:55Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.
Numbers 34:3Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a.
Joshua 18:5Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò.
Ezekiel 47:19Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a.