Joshua 15:11
li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l' al bout nan lanmè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:45Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.
Judges 1:18Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li.
1 Samuel 5:10Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: -Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la!
2 Kings 1:2Okozyas, wa peyi Izrayèl la, pran yon so, li soti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l'. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l'ap refè.
2 Kings 1:16Li di wa a konsa: —Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.