Joshua 16:10
Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.
Cross References
Numbers 33:52se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.
Joshua 15:63Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.
Judges 1:29Moun branch fanmi Efrayim yo tou pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo.
1 Kings 9:16Lontan anvan sa, farawon an, wa peyi Lejip la, te moute atake lavil Gezè. Li pran l', li touye tout moun Kanaran ki te rete la, lèfini li mete dife ladan l'. Apre sa, li fè pitit fi l' la kado l' lè li te marye ak wa Salomon.
2 Chronicles 8:8Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.