Joshua 16:3
Baliz fwontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l' al bout nan lanmè.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li soti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete.
4Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.
Cross References
Joshua 10:33Lè sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l' yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape.
1 Kings 9:15Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè.
1 Chronicles 7:24Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou.
1 Chronicles 20:4Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo.