Joshua 17:1
Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 41:52Li rele dezyèm lan Efrayim paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a.
Genesis 48:18Epi li di papa l': -Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.
Numbers 26:29Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.
Numbers 32:33Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.
Numbers 32:40Se konsa tou, Moyiz bay moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, peyi Galarad la pou yo rete.
Deuteronomy 3:15Mwen bay Maki peyi Galarad la.