Joshua 17:11
Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 12:21wa lavil Tanak, wa lavil Megido,
Joshua 16:9ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.
Judges 5:19Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan!
1 Samuel 31:10Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l' sou miray lavil Bèt Chean an.
1 Kings 4:11Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a.
1 Kings 9:15Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè.