Joshua 17:16
Moun fanmi Jozèf yo di l' ankò: -Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:56Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa,
Joshua 17:18Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.
Judges 1:19Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.
Judges 4:13Sisera fè chache nèfsan (0900) cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.
1 Samuel 29:1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.
1 Kings 18:45Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.