Joshua 18:10
Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 14:5Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.
Joshua 18:8Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lòd sa a: -Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wè l'. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m' ka tire osò pou nou, pou m' ka konnen volonte Seyè a.
Joshua 23:4Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.
Nehemiah 11:1Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo.
Psalms 47:4(047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
Proverbs 18:18Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.