Joshua 18:28
Sela-Elèf, Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 26:54Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.
Joshua 15:8Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.
Joshua 18:16Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogèl.
Judges 19:10Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm.
Judges 20:4Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit.
1 Samuel 13:15Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l' al fè wout li. Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l' la. Te gen sisan (0600) sòlda konsa.