Joshua 18:5
Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:1Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.
Joshua 16:1Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.
Joshua 19:1Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo.