Joshua 18:6
N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 33:54N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.
Joshua 14:2Jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Seyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki tapral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a.
Joshua 18:10Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.
Proverbs 16:33Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.
Acts 13:19Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo,