Joshua 19:51
Men divès pòsyon tè Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf fanmi yo te separe bay branch fanmi pèp Izrayèl la, devan Seyè a, nan papòt Tant Randevou a, apre yo te fin tire osò. Se konsa yo te fin separe peyi a nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
Numbers 34:18avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.
Joshua 14:1Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo.
Joshua 18:10Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.
Judges 21:21Lè n'a wè jenn fi lavil Silo yo soti pou y' al danse ansanm pandan fèt la, nou menm n'a soti nan jaden rezen yo. Chak moun va pran yonn ladan yo pa fòs, epi n'a ale nan peyi Benjamen avèk yo.
Psalms 47:3(047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.