Joshua 19:9
Nan pòsyon tè moun Jida yo, yo te pran yon pòsyon bay moun Simeyon yo, paske pòsyon tè ki te pou moun Jida yo te twòp pou yo. Se konsa, moun branch fanmi Simeyon yo te jwenn yon pòsyon tè ki te nan mitan pòsyon tè moun Jida yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:7Madichon pou yo lè yo move paske yo san manman! M'ap fè yo rete toupatou nan peyi Jakòb la. M'ap gaye yo nan tout peyi Izrayèl la.
Numbers 26:54Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.
2 Corinthians 8:14Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan,