The Bible Software
bible.software › Joshua › Joshua 20 › Joshua 20:7

Joshua 20:7

Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.

Bib La

In The King James Version

And they appointed Kedesh in Galilee in mount Naphtali, and Shechem in mount Ephraim, and Kirjath-arba, which is Hebron, in the mountain of Judah.

In Context

6L'a gen pou l' rete nan lavil la jouk la parèt devan tout pèp la pou yo jije l', jouk moun ki granprèt lè sa a va mouri. Se lè sa a nonm lan va gen dwa tounen lakay li, nan lavil li te kouri kite a.

8Lòt bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Woubenn yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo.

Read all of Joshua 20

Cross References

Genesis 33:18Lè Jakòb tounen soti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la.

Joshua 14:15Nan tan lontan, yo te rele lavil Ebwon an Kiriyat aba. Aba sa a, se li ki te pi gwonèg nan tout ras moun Anak yo. Depi apre lè sa a, peyi a t'ap viv ak kè poze. Pa t' gen goumen ankò.

Joshua 19:35Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt,

Joshua 19:37Kadès, Edreyi, An asò,

Joshua 21:13Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo,

Joshua 21:32Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joshua 20:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joshua 20:6Joshua 20Joshua 20:8 →