The Bible Software
bible.software › Joshua › Joshua 20 › Joshua 20:8

Joshua 20:8

Lòt bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Woubenn yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo.

Bib La

In The King James Version

And on the other side Jordan by Jericho eastward, they assigned Bezer in the wilderness upon the plain out of the tribe of Reuben, and Ramoth in Gilead out of the tribe of Gad, and Golan in Bashan out of the tribe of Manasseh.

In Context

7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.

9Men non lavil yo te chwazi pou bay pwoteksyon yo. Nenpòt moun nan pèp Izrayèl la osinon nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo ki ta touye yon moun san fè espre, l'a gen dwa kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun ki fanmi pi pre moun li te touye a, anvan li parèt devan tout pèp la pou yo jije l'.

Read all of Joshua 20

Cross References

Joshua 21:27Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo.

Joshua 21:38Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim,

1 Kings 22:6Se konsa Akab reyini katsan (0400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou.

1 Chronicles 6:78Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn lan, sou bò solèy leve larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, yo ba yo Bezè nan dezè a ak tout savann pou bèt yo, Jaza ak tout savann pou bèt yo,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joshua 20:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joshua 20:7Joshua 20Joshua 20:9 →