Joshua 21:38
Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim,
Bib La
In The King James Version
In Context
37lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo.
39lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo.
Cross References
Deuteronomy 4:43Pou moun branch fanmi Woubenn yo, se te lavil Bezè nan dezè ki anwo sou platon an. Pou moun branch fanmi Gad yo, se te lavil Ramòt nan zòn Galarad la. Pou moun fanmi Manase yo, se te lavil Golan nan peyi Bazan.
Joshua 13:30Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an,
2 Samuel 17:24Lè Absalon ansanm ak moun li yo rive pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, David te gen tan rive lavil Manayim.
1 Kings 4:13Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv.
1 Kings 22:3Wa Izrayèl la di chèf li yo: -Nou konnen lavil Ramòt ki nan peyi Galarad la se pou nou li ye. Poukisa nou pa fè anyen pou nou reprann li nan men wa peyi Siri a?