Joshua 21:43
Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
42Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo.
Cross References
Genesis 12:7Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.
Genesis 15:13Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an).
Genesis 28:4Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Numbers 34:2-Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a.
Deuteronomy 12:29Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin disparèt nasyon yo sou chemen nou pou nou ka anvayi peyi yo a, lè n'a fin pran peyi a nan men yo pou nou ka rete nou menm ladan l',