Joshua 22:10
Lè moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokenn chenn lotèl sou rivaj la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:8Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.
Genesis 31:46Epi, li di moun li yo: -Ranmase wòch. Mesye yo ranmase wòch, yo anpile yo fè yon gwo pil. Apre sa, yo chita bò pil wòch la, yo manje.
Joshua 22:25Seyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Woubenn yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Woubenn yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Seyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Woubenn yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Seyè a.