Joshua 22:18
Men jòdi a, n'ap vire do bay Seyè a ankò. Si nou leve kont Seyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 32:15Si nou vire do nou ba li, l'a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt.
Joshua 7:1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.
Joshua 7:21Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt.
Joshua 22:16-Men sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pep Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a, n' al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Seyè a jòdi a?
1 Samuel 12:14Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè.
2 Samuel 24:1Yon jou, Seyè a move sou pèp Izrayèl la ankò. Li fè David lakòz malè tonbe sou yo. Seyè a di David al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida.