Joshua 22:19
Si nou wè peyi yo ban nou an pa bon pou fè sèvis Bondye, pito nou vin bò isit la nan peyi Seyè a, kote kay Seyè a ye a. Mande pou yo ban nou yon pòsyon pou nou ladan l'. Men, pa leve kont Seyè a, ni pa vire do ban nou. Piga nou kite lotèl Seyè a, Bondye nou an, pou n' al bati yon lòt lotèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:17Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.
Leviticus 18:25Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m'ap peni peyi a, m'ap fè l' voye moun ki rete sou li yo jete deyò.
Joshua 18:1Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.
2 Chronicles 11:16Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, Bondye zansèt yo a.
Acts 10:14Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.