Joshua 22:22
-Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
1 Samuel 15:23Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!
Job 10:7Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou!
Job 31:5Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?
Job 31:22enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.
Psalms 7:3(07:4) Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,