Joshua 22:5
Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l' mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l' fèm. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Apre sa, Jozye ba yo benediksyon, li voye yo ale. Epi, y' al lakay yo.
Cross References
Exodus 20:6Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
Deuteronomy 4:1Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.
Deuteronomy 4:6Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!
Deuteronomy 6:5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
Deuteronomy 10:12Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Deuteronomy 11:1Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.