Joshua 23:1
Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:2-Koulye a, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m' fè anyen ankò. Lèfini, Seyè a te tou di m' mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Joshua 13:1Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li te fin granmoun. Seyè a di l' konsa: -Koulye a, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran.
Joshua 22:4Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden.
1 Kings 1:1David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l' byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou.
1 Chronicles 27:1Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (024.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.
2 Chronicles 14:5Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rèy li, peyi a t'ap viv ak kè poze.