Joshua 23:14
Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Seyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Leviticus 26:3Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m' yo, si nou swiv yo,
Deuteronomy 28:1Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.
Joshua 21:45Seyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomèt la.
1 Kings 2:2-Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!
Job 30:23Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.