Joshua 23:15
Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:14Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.
Judges 3:8Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.
Judges 4:1Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Seyè a.
Judges 10:6Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.
1 Kings 14:15Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a.
Jeremiah 32:42Seyè a di ankò: Menm jan se mwen menm ki te fè gwo malè sa a rive pèp la, konsa tou, se mwen menm ki pral ba yo tout bon bagay mwen te pwomèt m'ap ba yo.