Joshua 23:8
Se Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l' jouk jounen jòdi a.
Bib La
In The King James Version
But cleave unto the LORD your God, as ye have done unto this day.
In Context
Cross References
Deuteronomy 8:20Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pral disparèt menm jan ak nasyon Bondye pral disparèt devan nou yo.
Deuteronomy 11:22Si nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman mwen ban nou lòd pou nou swiv yo, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou mache sou chemen li mete devan nou an, si nou pa janm lage l',
Deuteronomy 13:5Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
2 Kings 18:6Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.