Joshua 24:15
Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Pèp la reponn! -Nou p'ap janm fè lide vire do bay Seyè a pou n' al sèvi lòt bondye.
Cross References
Exodus 23:2Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.
Exodus 23:32Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.
Leviticus 14:42Y'a pran lòt wòch ranplase wòch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la.
Deuteronomy 29:18Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.
Ruth 1:15Naomi di l' konsa: -Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen li al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l' non!
1 Chronicles 1:14Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo,