Joshua 24:25
Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Pèp la reponn li: -Se Seyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè.
Cross References
Exodus 15:25Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l'. Seyè a moutre l' yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo.
Exodus 24:7Lèfini, li pran liv kontra a, li li l' pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè, n'a obeyi l'.
Deuteronomy 29:1Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la.
Deuteronomy 29:11tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou,
Joshua 24:26Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l' kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Seyè a.
2 Chronicles 15:12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.