Joshua 24:27
Epi Jozye di pèp la konsa: -Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Seyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!
Bib La
In The King James Version
In Context
28Apre sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo.
Cross References
Deuteronomy 4:26Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.
Deuteronomy 31:19Koulye a, ekri chante sa a. W'a moutre tout moun pèp Izrayèl yo li, pou l' ka nan bouch yo tout, epi pou l' sa sèvi m' temwen kont yo.
Deuteronomy 31:26-Pran liv lalwa a, mete l' sou kote Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an. L'a rete la, l'a sèvi temwen kont nou.
Joshua 22:27Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la koulye a ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Seyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.
Joshua 22:34Moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Seyè a ki Bondye.
Job 31:23Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.