Joshua 24:31
Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 11:7Se nou menm ki te wè ak je nou tout gwo mèvèy sa yo Seyè a te fè.
Deuteronomy 31:29Paske mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Seyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo.
Judges 2:10Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 24:17Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo.
Acts 20:29Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton.