Joshua 24:5
Apre sa, mwen voye Moyiz ak Arawon nan peyi Lejip. Mwen fè gwo malè tonbe sou peyi a pou pini moun li yo. Mwen fè nou soti kite peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:12Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
Exodus 7:1Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt.
Exodus 12:37Moun pèp Izrayèl yo pati kite Ranmsès pou Soukòt. Te gen sisanmil (0600,000) moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye.
Exodus 12:51Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.
Psalms 105:26Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.
Psalms 135:8Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.