Joshua 4:14
Sa Seyè a te fè jou sa a te fè tout pèp Izrayèl la pran Jozye pou yon grannèg vre. Depi lè sa a yo respekte msye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Apre sa, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:
Cross References
Exodus 14:31Yo wè sa Seyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Seyè a. Yo mete konfyans yo nan Seyè a ak nan Moyiz, sèvitè l' la.
Joshua 1:17Menm jan nou te toujou obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sèl bagay, n'ap lapriyè pou Bondye toujou kanpe avè ou menm jan li te kanpe ak Moyiz la.
1 Samuel 12:18Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl.
2 Kings 2:15Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: —Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.
2 Chronicles 30:12Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay.
Romans 13:4Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal.