Joshua 4:6
Wòch sa yo va sèvi pou fè pèp la chonje sa Seyè a te fè pou yo. Denmen, lè pitit nou yo va mande nou kisa wòch sa yo vle di pou nou,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:14Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.
Exodus 13:9Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.
Exodus 31:13-W'a di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Seyè a, ki mete nou apa pou mwen.
Deuteronomy 6:20Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo,
Joshua 4:21Lè l' fini, li di moun pèp Izrayèl yo konsa: -Denmen, lè pitit nou yo va mande papa yo poukisa wòch sa yo la a,
Psalms 44:1(044:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (044:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.