Joshua 5:14
Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:17Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?
Exodus 4:13Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?
Leviticus 9:24Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.
Numbers 16:45-Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atè.
Joshua 20:1Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:
1 Samuel 3:10Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou!