The Bible Software
bible.software › Joshua › Joshua 6 › Joshua 6:17

Joshua 6:17

Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l' tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l'. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo.

Bib La

In The King James Version

And the city shall be accursed, even it, and all that are therein, to the LORD: only Rahab the harlot shall live, she and all that are with her in the house, because she hid the messengers that we sent.

In Context

16Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: -Nou mèt rele koulye a! Seyè a lage lavil la nan men nou!

18Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun.

Read all of Joshua 6

Cross References

Leviticus 27:21Yon tè konsa, lè lanne rejwisans lan va rive, pase yo renmèt li nan men premye mèt li, l'ap rete yon bagay apa pou Seyè a, yon jaden pesonn p'ap ka manyen. L'a rete pou prèt yo.

Numbers 21:2Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Seyè a, yo di konsa: -Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt.

Joshua 2:1Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.

Joshua 2:22De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.

Joshua 7:1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.

Ezra 10:8Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joshua 6:17

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joshua 6:16Joshua 6Joshua 6:18 →