Joshua 6:19
Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:24Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l' ban mwen, mwen menm Seyè a, pou nou moutre jan nou genyen m' rekonesans.
2 Samuel 8:11Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a ansanm ak tout lò ak ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li,
1 Kings 14:26Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.
1 Chronicles 18:11Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk.
1 Chronicles 26:26Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.
1 Chronicles 26:28Te gen bagay Samyèl, pwofèt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnè, pitit Nè a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sèvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo.