Joshua 6:23
Se konsa y' ale, yo fè Rarab soti ansanm ak papa l', manman l', frè l' yo, tout rès fanmi l' yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyò kan moun Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Genesis 19:29Se konsa, lè Bondye t'ap detwi lavil yo nan plenn lan, li chonje Abraram. Li fè Lòt chape anba malè li tapral lage sou lavil kote li te rete a.
Numbers 31:19Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye.
Joshua 2:18Tande byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou.
Acts 10:28Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.
1 Corinthians 5:12Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.