Joshua 6:25
Men, Jozye te sove Rarab, jennès la, ak tout fanmi l' yo ansanm ak tou sa ki pou yo, paske Rarab te kache mesye Jozye te voye espyonnen lavil Jeriko a. Moun fanmi Rarab yo ap viv jouk koulye a nan mitan pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 2:1Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.
Joshua 2:6Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche.
Joshua 4:9Apre sa, Jozye pran douz lòt wòch, li mete yo kanpe nan mitan larivyè a, kote prèt ki t'ap pote Bwat Kontra yo te kanpe a. Wòch yo la jouk koulye a.
Judges 1:24Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.
Matthew 1:5Salmon te papa Boaz. Se Raab ki te manman Boaz. Boaz te papa Obèd. Se Rit ki te manman Obèd.
Hebrews 11:31Se paske Rarab, fanm movèz vi a, te gen konfyans nan Bondye kifè li pa t' mouri ansanm avèk moun ki te desobeyi Bondye yo. Paske, li menm li te byen resevwa espyon pèp Izrayèl yo lakay li.