Joshua 7:11
Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Seyè a di Jozye konsa: -Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa?
Cross References
Deuteronomy 17:2Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,
Joshua 7:1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.
Joshua 23:16Si nou pa respekte kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n' al adore lòt bondye, si n' al fè sèvis pou yo, Seyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.
2 Kings 5:25Apre sa, l' ale jwenn mèt li. Elize mande l': —Gerazi, kote ou soti? Gerazi reponn: —M' pa t al ankenn kote non, mèt!
Isaiah 24:5Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.
Jeremiah 31:32Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa!