Joshua 7:12
Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 14:42Piga nou moute. Seyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi.
Numbers 14:45Se konsa moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te rete nan mòn yo desann, yo bat yo, yo kouri dèyè yo jouk yon kote yo rele Oma.
Joshua 6:18Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun.
Judges 2:4Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
Psalms 5:4(05:5) Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.
Isaiah 59:2Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.